Stasyon Gonayiv: bandi ki gen entansyon piye kèk biznis vide luil nan wout la pou pyeje Lapolis

Constant Haïti
Photo: Thériel Thélus (TT)

Bagay yo pa fasil nan zòn Stasyon Gonayiv. Daprè sa Thériel Thélus (TT) rapòte sou Fesbouk jodi samdi 24 septanm 2022 a, anpil bandi nan zòn nan gen entansyon piye kèk biznis. Pou sa, yo vide luil nan wout la pou yo ka pyeje yon cha blennde lapolis. Pou rezon sa a, animatè emisyon TI KOZE AK TT a mande tout moun fè pridans, sitou polisye k ap fè wout la.

Depi kèk jou, dechoukay ak piyaj tounen youn nan strateji manifestan yo itilize pou yo ka fè pase revandikasyon yo. Men bagay la vin konplike paske bandi ak zam adopte menm metòd sa a tou. E si nou kwè sa Thériel Thélus ekri a, gang ki bezwen piye kèk biznis nan zòn Stasyon Gonayiv vide anpil luil nan wout la. Yo fè sa nan lide pou yo ka pran nan pyèj yon cha blennde lapolis ki konn fè wout la. Selon sa li ekri, bandi ki fè sa yo sòti sitou Pele / Simon.

Pou tèt sa, jounalis la mande tout moun k ap fè zòn Mòn Dekèt, tou pre Stasyon Gonayiv, pou fè anpil pridans. An menm tan, li mande polisye yo tou pou yo veye kote y ap mete pye yo pou yo pa pran nan pyèj la. Sa ki vle fè kwè pou kounya, se pa sèl manifestan ki fè piyaj, men nèg ak zam antre nan menm bagay la tou.

Constant Haïti

📷: Thériel Thélus (TT)

Share This Article
Follow:
Webmestre • Expert WordPress • Technicien en référencement web • Journaliste • Haïtien